
Ayyyyy Yo!

Kaka je pa linèt

Byen pa janm pèdi

Abitid se vis

Regleman jis pa gate zanmi

Ayy

Lè poul a gen dan

Abraham di sètase

Yon sèl dwèt pa manje kalalou

Depi de je poko fèmen, espwa pa pèdi

Fò w ta wè pou ta kwè

Kaka poul pa ze

Sa pa vo lapèn

Lanmou pa konn dèyè pyese

Se papa k fè pitit

Ale nan peyi san chapo

Mande mwen yon ti kou ankò ma di ou

Pa janm gen omlèt san kase ze

Ti Mari p ap monte, Ti Mari p ap desann

Lajan pa gen lodè

Anvi tout, pèdi tout

Pwoblèm p ap fini

Chape poul

Tout sa k pa bon pou youn, li bon pou yon lòt

Mizè pa janm tonbe sou pyebwa