
Pa janm di m'a gen tan

Pa janm gen omlèt san kase ze

Bat laponyet

Chape poul

Se papa k fè pitit

Abitid se vis

Abraham di sètase

Pitit tig se tig

Sa k' pa la pèdi tou pa l

Regleman jis pa gate zanmi

Sa l fè l fè

Ou tande bèf alewè kòn

Kaka poul pa ze

Achte figi

Sa w' simen se sa w' rekòlte

Tet neg

Sa pa vo lapèn

Anvi tout, pèdi tout

Lajan pa gen lodè

Bèl dan pa di zanmi pou sa

Tout sa k pa bon pou youn, li bon pou yon lòt

Se lave men, siye l atè

Lanmou pa konn dèyè pyese

Ban m zorey mwen

Yon sèl dwèt pa manje kalalou